Reflechi Davans

Bagay pou panse anvan ou chache kay

Pou yon jounen gen sikse, ou dwe komanse pa byen planifye-l. Ou gen pou deside kote ou vle ale ak ki pi bon rout pou fe pou kab rive. Se menm bagay ak chache kay. Anvan ou chache, ou bezwen konnen sa-ou vle ak sa-ou bezwen. Men yon seri de bagay pou panse anvan ou komanse.

  • Eske-m gen ase lajan pou-m peye kay la oubyen eske-m bezwen lajan leta pou ede-m peye chak mwa?
  • Eske-m pral bezwen sevis nan kay la? Eske-m kab peye kay la, fe manje, al fe maket, e fe mouvman nan kay la pou kont mwen?
  • Eske-m pral bezwen konseye kote-m rete-a oubyen tou pre bo lakay mwen?
  • Eske-m vle abite nan yon kominote ak lot moun ki gen menm pwoblem avek mwen (tankou HIV oubyen ki ap rekouvri de dwog e alkol)?
  • Konbyen moun ki gen nan fanmi-an? Ki grose kay mwen bezwen?
  • Eske-m bezwen jwen kay tanpore tou de swit oubyen eske-m kab rete pou mwen jwen kay pemanant?

E si mwen gen rekod kriminel?

Genyen de pwogram ki aksepte ou mem si ou gen rekod kriminel. Li trezinpotan anvan ou aplike nan yon pwogram pou tcheke rekod kriminel ou pou kab we si pa gen ka kriminel ki ouve e infomasyon an korek. Premye bagay pou fe se chache fotokopi CORI ou, oubyen rapo rekod kriminel ou. Pale ak case manager or housing search advocate o sije kouman ou kab jwenn CORI ou. Okipe ou de sa kounye-a va fe rechech pou kay pi fasil pou ou.


Kounye-a ou finn reponn a kelke kesyon, sonje bagay sa yo:
  • Tout pwogram kay leta bay ed nan paye kay. An jeneral wap peye yon tie nan total lajan ki antre nan kay la pou fem ak itilite epi pwogram nan ap peye res la.
  • Pwogram tanpore e HIV pwogram rezidansyel ofri plis sipo ak sekirite ke si ou te nan scatterd pwogram, kay piblik, oubyen kay prive.
  • Ou pral gen plis espas prive si ou abite nan yon HIV scattered-site pwogram, oubyen nan kay leta, oubyen nan kay prive paske ou gen pwop apatman pa-ou e ou pa bezwen pataje twalet ak sal a manje.
  • Anpil HIV pwogram rezidansyel ak pwogram tanpore se pou moun ki pa marye e ki pa gen pitit, fi tankou gason. Selman kelke kab ede fanmi ak moun ki marye.
  • Yon scattered-site pwogram kapab proqire-ou ak lajan pou ede-ou peye fem ak lot sevis ke ou bezwen.
  • Tout HIV kay ofri-ou sevis sosyal. Kay leta ak kay prive pa ofri sevis sa-a.
  • Chwazi you pwogram kay kab femen pot lot kay ke ou kab deside jwen nan lavni. Konnen opsyon-ou.



AIDS Housing Corp. • 29 Stanhope Street • Boston, MA 02116 • (617) 927-0088