Kay Piblik

Ki sa kay piblik ye?

Otorite nan kay yo gen kay pou anpil moun ki gen ti kras lajan. Se pa tout kominote ki genyen otorite pou kay. Anpil nan gran vil yo gen otorite pou kay. Otorite sa yo gen plizye diferan pwogram ki bay asistans nan zafe kay a fanmi, moun ki aje, moun kap viv ak you andikape (tankou HIV).


Ki jan de asistans yo bay nan zafe kay?

Otorite kay yo ofri de jan asistans.

  1. Yo fe moun jwenn kay nan bilding yo posede. Yo rele jan de kay sa yo housing developments.
  2. Yo bay asistans sibvansyon nan lwe kay. Sibvansyon sa yo pa atache a yon apatman ni a you bilding an patikilye. Jan li fonksyone se ou jwenn you apatman nan kominote ya epi sibvansyon an ede-ou paye lwaye ak itilite. Anpil moun rele asistans sa-a Section 8, men se pa tout sibvansyon nan lwe kay ki Section 8.

Eske mwen kalifye pou kay leta

Pou kalifye pou pwogram sa yo depann de ki gwose fanmi ou ak ki vale lajan fanmi-an touche. Limit sa yo chanje chak ane. Si sosyal sekirite se sel sous lajan-ou, ou kapab kalifye pou pwogram sa yo. Gen de ajans pou kay ki gen kay disponib pou moun ki aje ak moun ki andikape. Si ou se you andikape akoz de HIV oubyen lot bagay, fe ajans pou kay la konnen le ou aplike.


Kouman pou-m aplike pou kay piblik?

Chak kominote gen pwop otorite kay pa li. Ou dwe rele chak ajans nan kominote ou vle rete a pou konnen ki le ak ki bo yap aksepte aplikasyon. Se pou rele plizye ajans pou ka konnen ki sa ki disponib ak konbyen tan yap kite non ou sou lis datant lan. Ranpli aplikasyon nan vale kote ou kapab, menm kote ki pa ta premye chwa-ou. Gen de fwa, ou ka resevwa aplikasyon pa la pos. Fe you lis de tout ajans yo kote ou te ranpli aplikasyon.

Chak ajans gen you lis datant. Gen lis datant ki komanse nan dat yo resevwa aplikasyon an. Gen ajans ki sevi fanmiy anvan moun ki selibate. Gen de fwa, yon ajans chwazi non nan lis la nan you tiraj lotri.







AIDS Housing Corp. • 29 Stanhope Street • Boston, MA 02116 • (617) 927-0088