Jwenn Ed

Mwen bezwen yon avoka kay ki pou ede-m chache kay

Yon avoka kab rann bagay yo pi fasil. Yo gen map pou ede ou nan jounen sa-a. Yo kab montre ou diferan wout, di-ou ki danje ki genyen nan chache kay, e yap ba-ou bon direksyon. Yo ede anpil moun tankou ou nan zafe chache kay. Epi yo sipote ou tou.

Fe yon ti gade nan lis la ki nan pwochen paj la. Chache ajans ki rete nan zon lakay ou epi rele yo. Mande pou "Housing Search Advocate" oubyen yon moun ki pou ede-ou chache kay.

Fe yo konnen ki kote ou abite e ki kalite kay asistans ou bezwen. Depi ou komanse travay ak avoka-a rele yo toutan e si-ou demenaje, fe yo konnen nouvo adres ou ak nimewo telefon ou. Avoka-a kab ede-ou ranpli aplikasyon yo.







AIDS Housing Corp. • 29 Stanhope Street • Boston, MA 02116 • (617) 927-0088