Aplike pou Kay

Kouman pou aplike pou kay.

Chak pwogram kay genyen you aplikasyon ki diferan ak yon diferan pwose pou aplikasyon an. An jeneral, pwose pou aplikasyon kay la ale konsa:

  1. Ou ranpli yon aplikasyon
  2. Yo mete-ou nan lis datant
  3. Ou tann
  4. Ou rele souvan
  5. Non-ou soti nan lis datant la
  6. Wale nan yon "intake interview"
  7. Yo deside si yo kab ede-ou
  8. Ou amenaje

Ki sa yo mande nan aplikasyon an?

Yon aplikasyon se yon fason pou yo konnen kiles ou ye ak kisa ou gen bezwen. Aplikasyon an ap mande-ou bagay sa-a yo:

  • non-ou
  • nimero sosyal sekirite
  • adres
  • dat de nesans
  • infomasyon sou lot manm nan fanmi lan ki pral abite avek ou (patne oubyen pitit)
  • kote-ou te abite anvan
  • verifikasyon ke ou gen HIV/Sida (pati sa-a nan aplikasyon, se dokte oubyen infimye-ou ki pou ranpli-l)

Ki sa lis datant lan ye?

Piske gen pwogram ki pa ede tout moun ki bezwen asistans, yo genyen yon lis datant. Lis datant lan pemet yo detemine kiles ki vini apre. Gen de pwogram ki gen lis datant sa depann de le ou aplike ( premye vini, premye sevi). Gen lot pwogram ki gen lis datant ki ede moun ki abite nan lari yo anvan.


Le yo mete-m nan lis datant lan, ki sa pou’m fe?
  • Kontinye chache kay. Plis ou chache, plis chans ou ogmante pou jwenn kay.
  • Si ou dezabite (menm si se pou de semen), rele pwogram nan pou fe yo konnen kote w’ap ye. Si yo pa ka kontakte-ou le non ou rive nan tet lis la, yo pral rele moun ki vini apre ou la. Chak fwa ou demenaje, fe yo konnen.
  • Rele yo chak mwa pou ka konnen ki kote ou ye nan lis la. Mande yo si yo konnen ki le non ou ap soti nan lis datant la.





    AIDS Housing Corp. • 29 Stanhope Street • Boston, MA 02116 • (617) 927-0088