Tann pou yo Aksepte-ou

Sa’k rive le mwen soti nan lis datant lan?

Le non ou rive nan tet lis la, pwogram nan pral rele oubyen ekri ou e yap mande ou pou vini nan yon antrevi. Se yon reynyon kote yo poze ou kesyon sou ou menm. Ou ka poze kesyon sou pwogram nan tou.


Ki sa pou-m pote nan antrevi sa-a?

Pwogram nan ap di ou kisa pou pote le yo ranje apwentman an. Men, an jeneral ou bezwen vini ak bagay sa-a yo e ou ka mete yo pre davans:

  • Prev sale ak benefis. Ou ka jwenn ni nan biwo lokal sosyal sekirite ak nan biwo welfe si ou resevwa benefis. Si wap travay, ou bezwen pote souch chek yo.
  • Atestasyon banke si ou gen you kont la bank.
  • Prev de sitiyasyon kay ou. Pa examp, si pwogram nan se pou moun ki abite nan chelte, y’ap mande ou yon let de chelte a ki pou di ou rete ladan’l.
  • Prev ke ou andikape. Pou anpil nan HIV pwogram kay yo, y’ap bezwen prev ke ou HIV pozitif oubyen si ou gen SIDA. Let sa-a se dokte ki pou ekri ak siyen-l.
  • Nimewo sosial sekirite pa ou ak pa tout lot moun nan fanmiy lan ki depase siz-an.
  • Si kounye a ou lwe yon kay, w’ap bezwen fotokopi fem nan ak resi pou twa denye mwa.
  • Yon foto idantifikasyon pou chak granmoun.

Sak rive le yo aksepte’m?

Tou depan de pwogram ki aksepte ou la, se kapab lafen jounen an. Si yo aksepte ou nan yon pwogram tranzisyonel oubyen nan pwoje, sa pou fe apre se amenaje nan apatman ou. Si yo aksepte ou nan pwogram "scattered sites" oubyen kay piblik assistans nan lwaye, ebyen jounen-an fek komanse. Kounye ya se le pou jwenn yon apatman nan chache nan jounal.


Sak rive si yo pa aksepte’m?

Gen dele pwogram yo deside pou yo pa aksepte moun. Gen dele se paske moun ki aplike ya pa ranpli kondisyon pou kalifikasyon yo. Pa ekzamp, aplikan-an fe plis lajan ke limit sale-a. Gen dele, pwogram yo pa aksepte yon aplikan paske yo kwe yo pa ka ede moun sa-a oubyen yo kwe ke aplikan-an pap fe yon bon lokate.

Si yo pa aksepte-ou nan yon pwogram, y’ap ba ou yon let ki eksplike pou kisa. Se pou mande yo si ou ka adrese pwoblem nan. Pifo pwogram yo gen pwosede d’apel. Sa vle di yo pral revize desizyon yo a e y’ap ba ou opotinite pou eksplike pou kisa ou panse desizyon yo a pa bon.

Si ou toujou pa satisfe ak desizyon yo a, mande yo ki les ki bay lajan pou pwogram nan. Anpil pwogram se ajans leta ki patwone yo tankou depatman sante piblik oubyen ajans federal tankou depatman "Housing and Urban Development". Ou ka rele ajans sa yo direkteman e eksplike yo sitiyasyon an.





AIDS Housing Corp. • 95 Berkeley Street, Suite 305 • Boston, MA 02116 • (617)451-2248