Chache apatman

Chache yon apatman pou lwe

Si yo te aksepte ou nan yon pwogram ki founi asistans nan lwaye "subsidy", enbyen jounen an fek komanse. Kounye-a ou dwe deside ki jan de apatman ou bezwen.

Si ou resevwa yon subsidi. Ou pap peye plis ke 1/3 nan sale ou pou lwaye ak itilite. Ajans kay la oubyen pwogram nan ap peye res la direkteman a met kay la.

Pri total kay la ki gen ladanl lwaye ak itilite pa ka pi wo pase Fair Market Rent (FMR) oubyen lot pri fikse nan zon kote ou vle abite-a. Ajans pou kay la a di ou ki pri FMR oubyen lot limit lan ye nan zon ou chwazi-a.

Si ou te resevwa yon subsidi, ou genyen ant 60 e 120 jou pou jwen yon apatman. Si ou paka jwenn yon apatman pandan tan sa-a, wap pedi subsidi-a.


Kisa pou知 chache nan yon apatman

Eske genyen yon tren ak estasyon bis ki toupre apatman-an? Ki distans li ye ak apatman.

Eske apatman-an bon pou timoun mwen yo? Eske lari-a an sekirite? Eske gen pak tou pre-a kote timoun yo kab jwe?

Eske apatman-an toupre yon maket oubyen yon magazin? Eske知 ka mache soti nan apatman-an pou知 ale nan maket la?

Eske知 ka mache soti nan apatman-an pou mwen ale nan biwo dokte知? Eske li fasil pou知 soti nan apatman-an pou知 ale lopital la? Eske mwen renmen lopital ki tou pre apatman-an? Eske dokte pitit mwen yo tou pre apatman-an? Eske li fasil pou知 ale ladanl?

Eske apatman tou pre ak travay mwen? Konbyen tan l誕p pran pou mwen soti nan apatman-an pou mwen ale nan travay?

Eske apatman-an pre lekol mwen? Konbyen tan l誕p pran pou mwen soti nan apatman-an pou m-ale lekol?

Kouman katye kote apatman-an ye? Eske gen anpil krim? Eske m誕p santi mwen ansekirite nan katye-a? Eske m誕p ka kite timoun yo mache poukont yo nan katye-a?


Ki kote pou mwen chache apatman?

Gen lis apatman toupatou. Men kelke sikjesyon:

  • Gade nan jounal dimanch yo. Se jou sa-a yo genyen lis pi long.
  • Mache nan katye ou renmen yo. Gade si ou we ansey kay a lwe.
  • Anpil katye genyen "Community Board" nan londri ak nan legliz, tcheke yo.
  • Rele yon ajans rilestate oubyen yon konpani ki lwe kay.
  • Pale ak moun, gen anpil apatman ki disponib pa bouch moun.




AIDS Housing Corp. • 95 Berkeley Street, Suite 305 • Boston, MA 02116 • (617)451-2248