Pale ak met kay la

Pale ak yon met kay oubyen yon ajans rilestate

Le wap chache yon apatman wap bezwen pale ak yon met kay oubyen yon ajans rilestate. Se ka you bagay ki difisil pou fe. Ou ka santi ou neve. Men de twa bagay ou dwe sonje:

  • Fe repetisyon sa ou pral di a davans.
  • Prepare keksyon tankou:
    – Ki adres apatman-an?
    – Eske itilite yo fe pati lwaye a?
    – Konbyen chanm a kouche apatman-an genyen?
  • Pa mansyone ke ou gen subsidi le w’ap pale ak yon met kay oubyen ajans rilestate nan telefon.
  • Itilize polites.
  • Pale kle
  • Anvan ou fini konvesasyon an, ou dwe si ke ou pran non moun nan ak adres li.
  • Ou dwe si ke ou pran bon direksyon pou adres la.


Le ou rankontre ak yon met kay oubyen yon ajans rilestate

Le ou rankontre ak yon met kay oubyen yon ajans rilestate pou we yon apatman, ou vle bay yon bon empresyon. Men detwa ti bagay pou sonje:

  • Abiye pwop.
  • Vini a le. Pito ou vinn pi bone ke ou vinn an reta.
  • Gade-l nan je epi obseve tout bagay.
  • Ale ak yon zanmi oubyen yon moun nan fanmiy ou si ou neve ak si ou pa santi ou konfotab si w’ale pouko ou.
  • Ou dwe si ke ou we katye ya lajounen kou soley kouche.
  • Pran tan ou.

Ki sa yon met kay vle konnen o sije de mwen?

Yon met kay vle konnen si ou ap yon bon lokate. Men gen de twa bagay yo ka vle konnen:

  • Eske ou ka respekte kontra fem nan?
  • Eske ou gen bon kredi?
  • Eske ou gen bon referans?
  • Eske w’ap paye lwaye-a a le?
  • Eske ou ka fe yon bon vwazen?
  • Eske ou ap pran swen de apatman?

Kile pou’m di yo ke mwen genyen sibvansyon?

Le ou panse ke met kay la gen opotinite pou konnen ou, di yo ke ou gen yon sibvansyon. Esplike pwosede enspeksyon an. Si yo mande ou keksyon ou pa ka reponn, di yo pou yo rele yon moun ki gen kontak avek ou nan Housing Authority oubyen Housing Advocate ou a.





AIDS Housing Corp. • 95 Berkeley Street, Suite 305 • Boston, MA 02116 • (617)451-2248