Regle ak Diskriminasyon
Kisa diskriminasyon ye?
Diskriminasyon vle di le yon met kay oubyen yon konpani rilestete ba ou move tretman a koz de ras ou, koule, orijin nasyonal, jan, oriantasyon seksuel, andikap fizik pami yo HIV, andikap mantal, kijan ou fe lajan le fet ke ou resevwa benefis kondisyon tankou veteran.
Avek kisa diskriminasyon lojman sanble?
Pafwa, li difisil po we le met kay oubyen yon rilestate ap diskriminen kont ou. Ou kapab yon viktim nan diskriminasyon pou lojman si:
- Yon met kay di ou pa gen apatman vid epi li lwe’l ba yon lot moun.
- Yon met kay di ou nan telefon l’ap montre ou apatman-an, men kou li we ou, li di ke li fek lwe apatman-an.
- Yon met kay di ou ke li pa aksepte section 8 sibvansyon.
Kisa yon met kay oubyen yon rilestate ajans pa kab fe?
- Le ou aplike pou yon apatman, li pa kab mande ou si ou HIV pozitif oubyen si ou gen SIDA a mwens ke apatman yo se espesialman pou moun ki gen HIV ak SIDA (oubyen moun ki gen lot kalite andikap).
- Li pa kab refize pou lwe ba ou paske ou HIV pozitif oubyen paske li sispek ou gen HIV.
- Li pakab chaje ou plis lajan pou lwaye ak depozit ke li chaje lot moun.
- Li pakab di: "li byen regret li pakab lwe ba ou paske apatman-an gen plon".
- Li pakab di "mwen byen regret sa men mwen pa lwe ba moun ki nwa, aziatik, ak panyol.
- Li pakab di li pa aksepte timoun.
- Li pakab di ou, "mwen pa pran section 8 patisipan".
Kisa yon met kay oubyen yon rilestate ka fe?
- Li ka mande ou eske ou kapab peye lwaye.
- Li ka mande ou eske ou pare pou respekte lwa ak regleman bilding nan.
- Li ka mande ou si ou pran dwog.
- Li ka mande ou si yo te kondane ou poutet ou te fe dwog ak distribiye dwog.
E si-m panse ke mwen se yon viktim diskriminasyon?
Si ou kwe ke yon met kay te diskriminen kont ou, ou ka rele nan nimewo sa-a e di yo sa ki te pase.
Massachusetts Commission Against Discrimination (MCAD)
617-727-3990
HUD Fair Housing Complaint Hotline
1-800-424-8590
AIDS Housing Corp. 95 Berkeley Street, Suite 305 Boston, MA 02116 (617)451-2248
|