Inspeksyon Apatman

Poukisa yo bezwen inspekte apatman-an?

Apatman ou lan bezwen enspekte si:

  • ou se yon patisipan nan pwogram HIV scattered, oubyen
  • ou resevwa yon sibvansyon nan asistans nan men yon otorite kay piblik.

Yo enspekte apatman pou asire yo ke ou genyen yon kote ki pwop, gen sikirite pou viv.


Kiles ki inspekte apatman-an?

Depi ou fini jwen yon apatman ke ou renmen, ou dwe ranpli you papye pou aprouve fem nan. Depi ajans pou lojman-an resevwa papye-a y’ap voye yon enspekte pou gade apatman-an.


Kisa y’ap chache le yo inspekte yon apatman?

  • Planche-a, mi yo, ak plafon an pou yo we si yo an bon kondisyon.
  • Genyen o mwen yon plog elektric nan chak chanm.
  • Genyen yon fenet an bon eta nan chak chanm. Nan twalet la fo genyen yon fenet oubyen yon vantilate aspiran.
  • Fo genyen seri nan tout pot ak fenet ke ou kapab rive ladan pa deyo.

E si apatman-an pa pase inspeksyon?

Si enspekte-a pa aprouve apatman-an, l’ap di ou ansanm avek met kay la poukisa. Met kay la va fe reparasyon oubyen chanjman e apatman-an kapab inspekte anko.


Rezon ki fe yon apatman pa pase inspeksyon

  • Galeri-a ak eskalye devan kay la ap tonbe.
  • Pa gen plog elektrik nan chanm a kouche-a.
  • Fenet nan chanm a kouche a femen ak klou.
  • Kwizine nan pa gen lavabo.
  • Kay la oubyen apatman-an te bati anvan 1978 e pinti ap dekale nan mi yo.
  • Pa gen ranp nan eskalye ki pou mennen nan bilding nan.
  • Twati ya koule e gen mak dlo nan planche-a.
  • Tiyo ki anba twalet la koule e dlo-a vini wouye.
  • Gen fil elektrik k’ap lonje nan planche kote ki te genyen yon limye.
  • Genyen yon twou nan mi chanm a kouche-a.


Sak rive si apatman-an pase inspeksyon?

Si apatman-an pase inspeksyon, ou ka siyen papye fem nan e ou ka amenaje nan nouvo kay ou.

Si ou pe pou si gen plon nan apatman-an, rele The National Lead Center Hotline nan 1-800-532-3394.





AIDS Housing Corp. • 95 Berkeley Street, Suite 305 • Boston, MA 02116 • (617)451-2248