Direksyon ak Chwa

Kijan de kay ki deyo wa?

Genyen senk jan de kay:

  1. Kay tanpore - genyen nan kay sa yo ki pou moun ki gen HIV selman.
  2. HIV pwogram rezidansyel - se kay pemanan pou moun kap viv ak HIV.
  3. Kay piblik - founi kay nan batiman piblik ke you rele "developman." Yo founi ed nan fem (gen moun ki rele sa-a "Section 8").
  4. HIV Scattered-Site Pwogram - yo founi asistans nan peye kay ak case management.
  5. Kay prive - se yon kay ou jwen nan jounal kote-ou peye fem an plen.

Nan paj ki pral swiv yo nou pral esplike chak jan de kay yo pou ou. Gen yon lis pou chak jan de pwogram. Rele pwogram ke ou interese a yo pou kab jwen plis infomasyon ak yon aplikasyon!


Ki sa "kay elijib" ye?

Le ou tande pale de pwogram kay, wap tande tem "housing eligibilite". Pwogram sa fonde pou sevi moun ki gen pwoblem kay an patikilye. (Yon ekzamp gen pwogram scattered-site yo ki sevi selman moun ki rete nan lari oubyen ki bezwen kay pwovizwa).

Asistans kay ou deside aksepte-a kapab limite chwa ou pou jwen lot kay nan lot tan kap vini. Si ou ale abite nan yon pwogram rezidansyel, ou gen dwa pa kab aplike pou scattered-site pwogram paske ou vinn konsidere kom yon moun ki gen kay pemanant. Sonje mande sa.


Ki chwa ke’m genyen si mwen abite nan yon chelte?

Jan ou sot we la-a, depi ou finn jwen kay nan scattered-site pwogram, pwogram rezidansyel, fem prive, oubyen kay piblik, yo konsidere ou tankou ou te gen kay pemanant. Sa vle di ou gen dwa pa kalifye pou lot pwogram kay pemanant.










AIDS Housing Corp. • 29 Stanhope Street • Boston, MA 02116 • (617) 927-0088